FON POU AKSYON IJAN NAN DEFANS DWA IMEN FANM
INTÈVANSYON RAPID NAN BAY SIBVANSYON
Fon pou Aksyon Ijan an bay soutyen finansye pou entèvansyon estratejik ki pwofite lè okazyon prezante pou fè avanse dwa imen fanm. Kalite okazyon sa yo prezante lè genyen yon evennman moun pa atann – kelkeswa si li pozitif oubyen negatif – e evennman sa a kreye yon sityasyon kote yon entèvansyon rapid kapab genyen yon empak enpòtan.
Fon Aksyon Ijan an bay sibvansyon nan twa kategori:
Kelkeswa kategori an, se pou pwopozisyon pwojè yo demontre tout kritè sa yo:
Estratejik – aksyon an gen rapò ak yon plan ki detèminen alavans pou kreye yon chanjman estriktirèll ki pral fè dwa imen fanm avanse.
Ke pèsonn moun pa tap atann & Ki Ijan e dwe adrese touswit – sityasyon an oubyen okazyon an se yon bagay pèsonn pa tap atann e se pou aksyon an fèt rapidman pou li gen efè
Dirab – gwoup la kapab ranpli aksyon an yon jan ki efikas et li kapab jwenn finansman pou travay nan lavni ki gen rapò ak estrateji a.
Sipò – gwoup la gen sipò lòt moun ki ap travay nan domèn dwa imen fanm oubyen lòt domèn ki gen rapò ak sa, swa nan nivo lokal la oubyen nan nivo mondyal.
Premye bagay Fon pou Aksyon Ijan fè se gade sityasyon an ki prezante an epi apre li analize pwojè entèvansyon ki gen pou li reponn a sityasyon an. Nou rekonnèt jan bagay yo kapab chanje kife sa vin nesesè pou modifye kèk nan aktivite yon entèvansyon. Fon pou Aksyn Ijan an finanse tout kalite aktivite, menm si objektif jeneral la se toujou pou fè dwa imen fanm avanse.
Fon pou Aksyon Ijan an akòde de ti sibvansyon piti ki gen pou yo ede yon entèvansyon sou yon kou tèm nan kad yon estrateji lon tèm. Pou demand ki pi ijan yo, sa pran nou 72 èdtan (sètadi 3 jou) pou nou reyaji. Si nou resevwa yon demand ki pa andose, sa kapab pran yon tan anplis.
Fon Aksyon Ijan an pa gen kapasite pou li fè don pou efò imanitè, ni pou aktivite jeneral nan kad yon pwogram, e li pa finanse patisipasyon moun nan kolòk.
Selon Platfòm pou Aksyon ki soti nan Peken, Fon Aksyon Ijan an bay yon priyorite a pwomosyon e pwoteksyon fanm pou yo kapab jwi a 100% e egal-ego de tout dwa imen yo e libète fondamantal yo, san gade sou ras moun nan, lang li pale, relijyon li pratike, oryantasyon seksyèl li, opinyon politik oubyen sou lòt sijè, ni sou orijin nasyonal ou gwoup sosyal moun lan.
KOMAN POU FÈ YON DEMAND
Demand pou don yo kapab fèt dirèkteman kote Fon pou Aksyon Ijan an oubyen demand lan kapab refere a moun oubyen òganizasyon ke nou konnen deja. Nou kapab reyaji pi rapid lè se demand ki vini avèk andosman youn nan konseye nou yo, yon lòt sous finansman oubyen yon moun ki notab nan kominote dwa imen fanm yo.
Pwopozisyon yo kapab vin jwenn Fon pou Aksyon Ijan an pa imèl, faks oubyen lapost.
Si moun kap fè demand yo mande sa, nou kenbe sekrè tout ransèyman sou sikonstans yon pwopozisyon.
Se pou pwopozisyon yo gen ladan yo enfòmasyon sa yo:
Ransèyman sou òganizasyon/moun lan
Sityasyon an
Aksyon Ijan
URGENT ACTION FUND
3100 Arapahoe, Suite 201
Boulder, CO 80303 USA
Telephone: +1.303.442.2388
Fax: +1.303.442.2370
E-mail: urgentact@urgentactionfund.org
Website: http://www.urgentactionfund.org